Chè elèv,
EDUCAWEB 360 se yon pwojè edikasyon dijital ki fèt pou ede w aprann pi byen epi prepare lavni w.
Avèk EDUCAWEB 360, ou ka :
jwenn leson ak kontni sou entènèt,
aprann sèvi ak teknoloji ak òdinatè,
dekouvri sa ou konn fè byen
epi mete talan w an valè,
patisipe nan aktivite edikatif modèn.
Pwojè sa a la pou elèv ki nan lekòl Wo ak Ba Latibonit
Rete branche ak sa lekòl ou ap anonse.
EDUCAWEB 360
Dijital la nan sèvis lavni w.